Solisyon Teknolojik Pèsonalize
Nou kreye Solisyon Teknolojik ki adapte ak fason biznis ou fonksyone pou w ka optimize operasyon ou yo, amelyore efikasite, epi pran avantaj sou konpetisyon.
Aplikasyon modèn, fleksib
Nou ap travay pou kreye aplikasyon ki modèn, fleksib, epi ki fasil pou itilize — kit se sou entènèt, sou mobil oswa sou òdinatè.
Sèvis nou yo
Devlopman aplikasyon
Nou espesyalize nou nan devlope aplikasyon web oswa mobil ki adapte ak jan ou travay ak jan biznis ou foksyone.
JWENN PLIS INFOMentnans Sistèm
Nou ofri yon sèvis antretyen ak siveyans proaktif pou kenbe enfrastrikti enfomatik ou efikas ak an sekirite.
JWENN PLIS INFOJesyon Sistèm
Nou ofri sèvis jesyon sistèm pou kontwole, òganize ak siveye sèvè, aplikasyon, baz done, ak tout resous enfòmatik ou yo.
JWENN PLIS INFOKonsepsyon dokiman
Nou ofri sèvis pwofesyonèl pou Tape ak kreye dokiman administratif, finansye, komèsyal ak lòt tip dokiman.
JWENN PLIS INFOKiyès nou ye?
Nou se
MainDev Haïti
MainDev Haiti se yon antrepriz teknoloji Ayisyèn ki ofri solisyon dijital pou biznis ak profesyonèl.
Misyon nou se fè teknoloji vin pi aksesib, pi itil, ak pi efikas pou chak nivo biznis,
kit se yon ti biznis oswa yon gwo òganizasyon, epi ede biznis tradisyonèl ak pwofesyonèl lokal yo evolye dijitalman.
Vizyon nou se tounen yon referans nasyonal nan kreyasyon solisyon dijital ki efikas, pratik, epi dirab.
Valè nou yo se :
- Ekselans: Nou fè travay nou ak presizyon ak angajman.
- Konfyans: Nou respekte angajman nou epi n bay sèvis ki transparan.
- Inovasyon: Nou toujou ap chèche nouvo fason pou amelyore solisyon nou yo.
- Sèvis Kliyan: Nou koute, konprann, epi reponn ak atansyon.
Nou pare pou sipòte ou nan pwojè teknolojik ou yo. Fè nou konfyans pou optimize epi amelyore pwodiktivite biznis ou.
Pokisa ou chwazi nou?
Nan MainDev Haiti, nou kwè ke teknoloji dwe sèvi pou fasilite lavi w epi pouse biznis ou pi lwen. Se poutèt sa nou mete esperyans ak pasyon nou pou devlope yon seri sèvis pwofesyonèl pou ede ou jere, òganize, ak modènize bisnis ou.
Solisyon sou mezi
Nou adapte chak solisyon selon bezwen kliyan an. Chak biznis diferan — solisyon w lan dwe diferan tou.
Pri fleksib pou tout kalite biznis
Kit ou fenk kòmanse oswa ou deja etabli, Nou gen yon solisyon ki mache ak bidjè ou.
Solisyon dijital an kreyòl
Tout solisyon nou yo disponib an kreyòl ou ka itlize yo alèz.
Apwòch rapid & pwofesyonèl
Nou reponn vit, nou suiv plan, epi nou livre sèvis ou ak pwofesyonalis.
Statistik nou
ane eksperyans
Projè nou reyalize
Kliyan nou satisfè
Kolaboratè