Sèvis nou yo
Nan MainDev Haiti, nou kwè ke teknoloji dwe sèvi pou fasilite w pouse biznis ou pi lwen.
Se poutèt sa nou mete konesans nou ak eksperyans nou pou ede ou jere, òganize, ak modènize sistèm ou yo.
Ann gade ansanm sèvis nou ofri yo:
Mentnans Sistèm
Nou suiv sistèm ou yo regilyèman, fè mizajou, rezoud erè, epi optimize resous pou garanti estabilite ak disponiblite sèvis ou yo chak jou.
Sa nou kouvri:
- Mizajou aplikasyon ak sistèm
- Siveyans pèfòmans ak sekirite
- Backup done ak restorasyon
- Rezolisyon ensidan rapid (support teknik)
- Otomatizasyon operasyon repetitif
Avantaj ou jwenn:
- Sistèm ou rete stab epi fonksyone san entèripsyon
- Rediksyon tan pann ak pwoblèm teknik
- Sekirite optimize pou done ak lojisyèl ou
- Sipò teknik disponib sou demann
Pa kite ti pwoblèm teknik mete baryè nan efikasite biznis ou — konfye mentnans ou bay MainDev Haiti pou lapè lespri chak jou.
Kontakte ekip nou an pou mete yon plan mentnans sou pye kounye a.