Sèvis nou yo
Nan MainDev Haiti, nou kwè ke teknoloji dwe sèvi pou fasilite w pouse biznis ou pi lwen.
Se poutèt sa nou mete konesans nou ak eksperyans nou pou ede ou jere, òganize, ak modènize sistèm ou yo.
Ann gade ansanm sèvis nou ofri yo:
Konsepsyon Dokiman
MainDev Haiti ofri sèvis pwofesyonèl pou sezi ak konsepsyon dokiman administratif, finansye, komèsyal ak lòt tip fichye biznis. Sèvis sa a fèt pou òganizasyon ki bezwen prezante enfòmasyon yo ak presizyon, estetik epi nan bon jan fòm dijital.
Sèvis nou yo enkli:
- Sezi done sou Word, Excel, Access, elatriye
- Konsepsyon dokiman ofisyèl: rapò, kontra, lèt, CV, elatriye
- Kreyasyon fòmilè dijital (entèaktif oswa pou enprime)
- Mizajou ak koreksyon dokiman ki egziste deja
- Layout pwofesyonèl pou prezantasyon, PDF, ak rapò
Avantaj ou jwenn:
- Dokiman klè, òdone, ak estetik
- Sekirite done ou yo garanti
- Rapidite nan livrezon ak fleksibilite
- Travay sou mezi selon bezwen ou
Si w gen yon pil papye ou vle mete an dijital, oswa si w bezwen bon jan dokiman prezantab pou biznis ou, pa ezite kontakte MainDev Haiti. Nou la pou sèvi w avèk efikasite.