Sèvis nou yo

Nan MainDev Haiti, nou kwè ke teknoloji dwe sèvi pou fasilite w pouse biznis ou pi lwen.
Se poutèt sa nou mete konesans nou ak eksperyans nou pou ede ou jere, òganize, ak modènize sistèm ou yo. Ann gade ansanm sèvis nou ofri yo:

Jesyon Sistèm


MainDev Haiti ofri sèvis jesyon sistèm pou biznis ki bezwen yon solisyon solid pou kontwole, òganize ak siveye tout resous teknolojik yo. Nou ede ou jere sèvè, aplikasyon, baz done, ak tout resous enfòmatik ou yo avèk presizyon ak efikasite.

Avèk sèvis jesyon nou yo, ou jwenn pi bon vizibilite sou operasyon ou, ou limite erè, epi ou asire w ke tout sistèm ou ap mache kòrèkteman chak jou.

Sa nou jere pou ou:

  • Sèvè fizik oswa vityèl (Ubuntu, Windows Server, elatriye)
  • Kont itilizatè ak aksè (user management, sekirite)
  • Baz done (MySQL, PostgreSQL, elatriye)
  • Sistèm backup ak rekiperasyon done
  • Monitoring, alèt ak otomatizasyon operasyon

Avantaj ou jwenn:

  • Pi bon efikasite nan jesyon resous ou yo
  • Rediksyon tan ak pri operasyon
  • Sekirite ak kontwòl aksè pi strik
  • Jesyon pwofesyonèl, ajou regilye, ak asistans teknik
  •   

Avèk MainDev Haiti, ou mete sistèm ou nan men ekspè — pou ou ka konsantre sou sa ki pi enpòtan: kwasans biznis ou.

Nou la pou asire tout sistèm ou yo byen jere, byen suiv epi byen pwoteje.