Sèvis nou yo


Devlopman aplikasyon

Nou espesyalize nou nan devlope aplikasyon web oswa mobil ki adapte ak jan ou travay ak jan biznis ou foksyone.

JWENN PLIS INFO

Mentnans Sistèm

Nou ofri yon sèvis antretyen ak siveyans proaktif pou kenbe enfrastrikti enfomatik ou efikas ak an sekirite.

JWENN PLIS INFO

Jesyon Sistèm

Nou ofri sèvis jesyon sistèm pou kontwole, òganize ak siveye sèvè, aplikasyon, baz done, ak tout resous enfòmatik ou yo.

JWENN PLIS INFO

Kiyès nou ye?


Nou se
MainDev Haïti

MainDev Haiti se yon antrepriz teknoloji Ayisyèn ki ofri solisyon dijital pou biznis ak profesyonèl.
Misyon nou se fè teknoloji vin pi aksesib, pi itil, ak pi efikas pou chak nivo biznis, kit se yon ti biznis oswa yon gwo òganizasyon, epi ede biznis tradisyonèl ak pwofesyonèl lokal yo evolye dijitalman. Vizyon nou se tounen yon referans nasyonal nan kreyasyon solisyon dijital ki efikas, pratik, epi dirab.

MainDev Haiti se patnè dijital ou pou chak etap kwasans biznis ou. Kit se pou kreye, amelyore lojisyèl, oswa jere sistèm, oswa senpleman bezwen yon dokiman ki pwofesyonèl, nou la pou reyalize vizyon ou. Nou mete aksan sou kolaborasyon, efikasite, adaptasyon ak sipò pèsonalize pou asire ke chak kliyan jwenn yon solisyon ki adapte ak bezwen li. Nou pare pou sipòte ou nan pwojè teknolojik ou yo. Fè nou konfyans pou optimize epi amelyore pwodiktivite biznis ou.

Pokisa ou chwazi nou?


Nan MainDev Haiti, nou kwè ke teknoloji dwe sèvi pou fasilite lavi w epi pouse biznis ou pi lwen. Se poutèt sa nou mete esperyans ak pasyon nou pou devlope yon seri sèvis pwofesyonèl pou ede ou jere, òganize, ak modènize bisnis ou.

Solisyon sou mezi

Nou adapte aplikasyon ak zouti dijital nou yo selon bezwen ou, pa selon modèl jeneral. Chak biznis diferan — solisyon w lan dwe diferan tou.

Pri fleksib pou tout kalite biznis

Kit ou gen yon ti biznis kap kòmanse oswa yon antrepriz ki deja etabli, Nou gen yon solisyon ki mache ak bidjè ou.

Solisyon dijital an kreyòl

Tout solisyon nou yo disponib an kreyòl ou ka itlize yo alèz.

Apwòch rapid & pwofesyonèl

Nou reponn vit, nou suiv plan, epi nou livre sèvis ou ak pwofesyonalis.

Statistik nou


10

ane eksperyans

132

Projè nou reyalize

157

Kliyan nou satisfè

5

Kolaboratè


Mobil